
Advertise on podcast: Carel in the Morning Podcast
Rating
4.8from
This podcast has
259 episodes
Language
FrenchPublisher
Chokarella Podcast NetworkExplicit
No
Date created
2018/10/29
Latest episode
2026/05/26
Average duration
52 min.
Release period
3 days
Description
Welcome to 'Carel in The Morning: The Podcast,' where you can catch all of the engaging and informative interviews from Chokarella's morning drive show. In each episode, host Carel sits down with a variety of guests, from musicians and actors to business owners and public figures. With his warm and friendly personality, Carel brings out the best in his guests and leaves you feeling inspired and informed.
Unlock Carel in the Morning Podcast podcast Email contact info,
Listeners & Audience details
Email contact information
Direct podcast contact details

Listeners
Audience numbers & engagement insights

Audience details
Podcast Insights

Podcast episodes
Check latest episodes from Carel in the Morning Podcast podcast
Soti nan fè "Beat" pou rive "Atis": Rayhans esplike pakou li nan mizik e fason li kreye son pa li
2026/05/26
Carel Pedre resevwa atis ak pwodiktè Rayhans. Se yon konvèsasyon pwofon kote Rayhans pataje evolisyon li nan endistri mizik la, soti nan travay li kòm pwodiktè pou rive kòm yon chantè ki gen siksè sou platfòm tankou Spotify ak YouTube.Li pale de premye gwo siksè li ak chante "Sometimes" la, kijan li jere pèsonalite "introvert" li pou li ka monte sou sèn, ak eksperyans li ak mizik li ki te rive menm sou Netflix nan ane 2019.
Dekouvri vizyon li sou orijinalite, enpòtans disiplin, ak kijan li kreye pwòp "vibe" pa li san li pa swiv tandans k ap pase yo.
Sa w ap jwenn nan entèvyou sa a:
- Istwa vrè ki dèyè chante "Sometimes" la.
- Tranzisyon soti nan pwodiksyon mizik pou rive nan chante.
- Defi yon atis entrovèti jwenn nan kominike ak piblik la.
- Pwojè k ap vini yo ak dezi li pou li pote plis mizik "live" ak acoustic.
WID devwale kijan l ap "Rebalanse pou l Domine" ak nouvo pwojè mizikal li yo
2026/05/22
Nan edisyon espesyal sa a, Carel Pedre resevwa atis WID pou yon konvèsasyon san gad dèyè. Apre yon peryòd silans depi album "Starboy" la, WID tounen pi fò ak yon nouvo pwojè ki rele "Pare".Pandan entèvyou sa a, WID leve vwal sou plizyè pwen enpòtan:- Sante Mantal: Poukisa li te nesesè pou li pran yon poz pou l jere tèt li anvan li tounen nan mizik.Relasyon ak Zinglin: Verite sou depa li, relasyon li ak Enymix (Zenglen), ak fason li te ankouraje lòt moun avanse.- Nouvo EP "Pare": Detay sou kolaborasyon ak Mystique, fason li chwazi travay ak jèn pwodiktè, ak vizyon li pou lavni.- Endistri a ak Medya yo: Eksperyans li ak fason kèk medya te inyore pwojè li yo malgre kalite travay li.WID esplike estrateji li: "Rebalanse pou l Domine". Yon konvèsasyon emosyonèl ak enspiran pou tout fanatik bon mizik ak moun k ap suiv vwayaj solo atis la.Tande nouvo EP a epi swiv WID sou tout rezo yo!
Dekouvri Kelly Krow: Atis Ayisyen nan Montréal k ap Melanje Rap, Afro ak Konpa
2026/05/20
Nan epizòd sa a, Carel Pedre resevwa Kelly Krow, yon atis ayisyen k ap evolye nan Montréal, Kanada, ki rive fè plizyè milyon "plays" sou Spotify san li pa bezwen fè gwo bri. Kelly pataje istwa li, soti nan kòmansman li nan rap an 2012 rive nan tranzisyon li fè nan Afrobeat ak Konpa an 2017.Kelly Krow pale de defi li jwenn kòm atis endepandan nan dyaspora a, enpòtans fanmi li nan karyè li, ak fason li jere balans ant lavi père de famille ak lavi atis. Li ban nou detay tou sou pwochen albòm li k ap vini an ak istwa dèyè dènye chante pèsonèl li a ki rele "Kenbe m", ki dedye pou madanm li. Dekouvri yon atis ki gen yon style "bien posé" men ki gen yon gwo enpak nan mizik ayisyen an nan nivo entènasyonal.
Kisa k fè Frè Gabe diferan? Yon konvèsasyon sensè sou mizik, lafwa ak fanmi
2026/05/19
Nan "Carel in the Morning" sa a, Carel resevwa atis Frè Gabe pou yon pale anpil sou nouvo album li ki rele "Puissance Divine". Frè Gabe louvri kè li sou defi li te jwenn lè l t ap kite Ayiti pou l al viv Etazini ak fason li jere karyè li ant kreyativite, endepandans ak lafwa.
Pandan entèvyou sa a, n ap dekouvri:
- Sekrè ki dèyè siksè ak vizyon album "Puissance Divine" la.
- Kijan Frè Gabe fè tout travay li pou kont li: soti nan ekri, rive nan mix ak mastering.
- Istwa kolaborasyon li ak lejann Maestro Jean René.
- Eksperyans li te fè nan vwayaje nan zòn difisil an Ayiti pou l te ka reyalize tournée li.
- Vizyon li sou mizik evanjelik la ak fason li jere kritik sou rezo sosyal yo.
Ph JanJan (Davidson Chery): Misyon yon jèn famasyen pou chanje lasante ann Ayiti
2026/05/13
Nan bout entèvyou sa a nan "Carel In The Morning", Carel Pedre resevwa Davidson Chery, yon jèn kreyatè ki gen yon pakou ekstraòdinè. Li se alafwa yon famasyen ak yon grafis designer, e anpil moun konnen l sou non Ph Jean-Jean sou rezo sosyal yo.Davidson pataje ak nou misyon li pou l sèvi ak teknoloji ak konsepsyon grafik pou l edike popilasyon ayisyen an sou fason pou yo konsome medikaman byen. Nou pale sou gwo defi sante piblik ann Ayiti, tankou medikaman kontrefè (fo medikaman), enpòtans pou n swiv konsèy pwofesyonèl, ak kijan n ka fè balans ant medsin tradisyonèl ak lasyans.Nan videyo sa a n ap dekouvri:- Kijan Davidson rive marye de (2) metye ki parèt diferan: Famasi ak Design.- Poukisa li enpòtan pou n sispann achte medikaman nan lari.- Kòman pou w rekonèt yon famasi ki gen lisans ak medikaman ki bon.- Verite sou fason nou itilize plant medizinal yo.- Pwojè "Semèn Famasi" k ap vini an septanm nan.
Modeste Testas: Istwa granmè yon Prezidan Ayisyen ak Laurence M Steed
2026/05/12
Nan bèl konvèsasyon sa a nan Carel In The Morning, Carel Pedre resevwa Laurence Manuel Steed (Lori) pou pale sou liv li a ki rele "Modeste Testas: The Journey from Africa to Haiti".Dekouvri istwa enkwayab Modeste Testas, yon fanm vanyan yo te kidnape an Afrik, ki te pase nan vil Bordeaux an Frans kòm esklav, pou l te vin fini lavi l lib nan vil Jeremi an Ayiti. Modeste se pa sèlman yon senbòl rezistans, men li se granmè ansyen Prezidan ayisyen François Denys Légitime tou.
Lori, ki se desandan Modeste nan 7yèm jenerasyon, pataje avèk nou vwayaj pèsonèl li nan fè rechèch nan gwo achiv (Inivèsite Florid, Philadelphia) pou l te ka onore memwa zansèt li a epi kite yon tras pou listwa. Nou pale tou sou bèl estati Modeste ki nan vil Bordeaux an Frans, yon travay sculpteur ayisyen Filipo te reyalize, epi sou enpòtans pou chak ayisyen konnen kote yo soti pou yo ka konnen kote yo prale.Liv la disponib sou Amazon nan vèsyon fransè ak anglè.
English with Mimi: Kijan yon ekspè nan anviwònman vin tounen pwofesè anglè sou rezo sosyal yo?
2026/05/07
Nan Carel In The Morning, nou resevwa Mimi, kreyatè ki dèyè platfòm popilè "English with Mimi". Mimi pataje avèk nou yon vwayaj ki vrèman kaptivan: soti nan etid li nan Environmental Studies nan FSU ak Emory, rive nan travay li pou gwo òganizasyon, pou l vin tounen youn nan pwofesè kreyòk-anglè yo pi renmen sou Tik Tok ak Instagram.Mimi esplike kijan li te rebondi apre li te fin pèdi travay li pou l kreye pwòp biznis li, metòd inik li sèvi pou l anseye, ak enpòtans pou w "smart" lè w ap aprann yon nouvo lang. Si w vle konnen sekrè dèyè siksè li oswa kijan pou w pèfeksyonne anglè w, entèvyou sa a se pou ou!Nan videyo sa a, w ap jwenn:Kijan Mimi te pase soti nan syans anviwònman pou rive nan ansèyman.Poukisa li chwazi anseye anglè nan yon fason ki "natural" ak pratik.Konsèy sou kijan pou w sèvi ak zouti gratis tankou Google ak YouTube.Enfòmasyon sou kijan pou w anrejistre pou klas prive li yo.
Robotik ak Inovasyon: Yon konvèsasyon espesyal ak Wendy Civil sou avni jèn ayisyen yo
2026/05/06
Nan emisyon sa a, Carel resevwa Wendy Civil, yon jèn fanm ekstraòdinè k ap revolusyone edikasyon teknolojik an Ayiti. Wendy esplike kijan li te kòmanse nan domèn kreyatif pou l rive kreye "Mobile Maker Lab" (MML Global), yon pwojè ki pote robotik, kodaj, ak inovasyon dirèkteman nan lekòl yo.Dekouvri kijan Wendy ap demokratize STEM (Syans, Teknoloji, Jeni, ak Matematik) nan peyi a, pwojè "Innovation Café" li a k ap fòme jèn yo nan domèn entèlijans atifisyèl ak pilotaj dron, epi vizyon li genyen pou lavni jèn fi yo ak "Woman Future Network". Yon konvèsasyon enspire sou fòs inovasyon ak detèminasyon pou chanje avni kominote nou an.
Kòman Selena yon fanatik Real Madrid ak Cristiano Ronaldo vin tounen yon kreyatè kontni a 1M abòne ?
2026/05/04
Nan entèvyou sa a, Carel Pedre resevwa Selena Cambry, jèn kreyatè kontni ki revolisyone fason yo pale de foutbòl sou rezo sosyal yo an Ayiti. Avèk plis pase 1 milyon abòne sou TikTok, Selena rakonte nou pakou li, soti nan pasyon li pou Real Madrid ak Cristiano Ronaldo rive nan siksè li jodi a kòm youn nan vwa fi ki pi enfliyan nan domèn espò a nan kominote a.Selena pataje avèk nou kòman li te kòmanse kreye kontni apre peryòd COVID la, eksperyans li lè li te fèk rive Ozetazini, ak kòman li jere kritik pandan l ap rete fidèl ak tèt li. Nou pale tou de analiz li sou sitiyasyon Real Madrid, Mbappé, ak espwa li pou seleksyon nasyonal Ayiti a nan pwochen konpetisyon yo.
Jenès, Fanm ak Pouvwa: Chanje Ayiti ak Stéphanie Sophie Louis ak Stéphanie Moïse
2026/05/02
Nan edisyon espesyal sa a sou Chokarella, Carel Pedre resevwa de jèn fanm vanyan, de politològ ki angaje jous nan zo pou avni peyi a: Stéphanie Sophie Louis ak Stéphanie Moïse.Nan yon konvèsasyon pwofon ki touche reyalite jenès la an Ayiti, medam yo analize kriz multidimansyonèl n ap travèse a, men sitou yo pote yon mesaj espwa ak rezistans. Yo pale sou enpòtans pou jèn yo sispann "siviv" pou yo kòmanse "viv", sou nesesite pou gen modèl lidèchip ki serye, ak wòl fanm yo nan chanje vizyon politik peyi a.Si w enterese konprann kijan nou ka bati yon Ayiti 2026 ki pi solid ak yon jenès ki gen konsyans nasyonal, gwo koze sa a se pou ou!Pwen kle nan diskisyon an:Diferans ant rezistans ak rezignasyon.Kijan nou ka evite manipilasyon politik nan pwochen eleksyon yo.Enpòtans fòmasyon ak edikasyon sivil pou jèn yo.Wòl dyaspora a kòm motè devlopman ak envèstisman.
Pa bliye abòne ak kanal Chokarella a pou plis kontni konsa!
Samy Beatz: Kijan yon jèn Ayisyen rive vann beat nan lemonn antye depi lakay li
2026/05/01
Carel Pedre resevwa Samy Beatz, yon jèn beatmaker ayisyen k ap revolisyone endistri mizik la depi lakay li an Ayiti. Samy pataje pakou li, soti nan premye fwa li louvri aplikasyon FL Studio pou rive nan kolaborasyon ak gwo mak entènasyonal ak siksè li sou YouTube kote li depase 100,000 abòne.Pandan konvèsasyon sa a, n ap dekouvri:Kijan li rive vann beat nan lemonn antye pandan li baze nan peyi l.Sekrè ki dèyè siksè li sou YouTube ak kijan li bati yon kominote entènasyonal.Eksperyans li kòm asistan pwodiktè nan gwo estidyo Ozetazini tankou Power Station.Konsèy pou jèn k ap kòmanse k ap chèche viv de pasyon yo nan mizik ak teknoloji.Yon videyo ki chaje ak motivasyon pou tout kreyatè kontni ak mizisyen ki vle konnen kijan pou yo itilize entènèt la pou yo rive pi lwen.
Pè Louis Merosne: Yon Pè "Influencer" k ap Chanje Vizaj Legliz nan peyi nou
2026/04/29
Nan emisyon sa a, nou resevwa pè Mesrosne, yon prèt ki trè aktif sou rezo sosyal yo, pou yon konvèsasyon sensè sou pakou li, lafwa li, ak vizyon li pou Ayiti.Soti nan Miragwann, rive nan vil Boston, jouk li vin sakre pè, Pè Merosne pataje istwa li ki plen ak leson detèminasyon. Li esplike tou poukisa li chwazi itilize platfòm tankou TikTok ak Facebook pou li preche levanjil la yon lòt jan, pandan l ap rete pre reyalite pèp la.Pandan n ap travèse yon moman difisil nan peyi a, Pè Louis Merosne lanse yon apèl pou yon "revolisyon lapè" ak yon solisyon ayisyen pou kriz la. Li kwè fò nan potansyèl jèn yo, menm jan nou wè sa ak siksè Ariana ak lòt jèn k ap reprezante fyète nou.
Barbara Cassamajor: Tout detay sou nouvo album li "Renouveau"
2026/04/29
Nan entèvyou eksklizif sa a, Carel Pedre resevwa atis gospel Barbara Cassamajor ki vin pale de gwo retou li ak dezyèm album li ki rele "Renouveau".Barbara louvri kè li sou pakou li depi li te piti nan legliz, poukisa li te pran 10 zan anvan li soti nouvo pwojè sa a, ak kijan li rive balanse lavi li kòm manman, madanm, ak pwofesyonèl nan Resous Imèn. N ap dekouvri tou enspirasyon dèyè chante tankou "C'est Dieu", vizyon li pou evolisyon mizik levanjil la an Ayiti, ak detay sou toune entènasyonal li k ap pase nan plizyè peyi tankou Etazini, Kanada ak Lafrans.
Carlo Vieux tounen sou sèn: Tout detay sou "Retounen Tour" a ki pral kòmanse Montréal!
2026/04/27
Nan konvèsasyon sensè sa a ak Carel Pedre, Carlo Vieux louvri kè l sou retou li nan endistri mizik la apre yon poz ki te dire plizyè ane. Li pale an detay sou nouvo album li "Retounen" ak gwo toune mondyal li pral lanse a. Dekouvri poukisa li te chwazi vil Montréal pou premye espektak li, ki jan li prepare vizyèl ak emosyon pou tournee sa a, ak kisa fanatik yo ka atann nan men "nouveau" Carlo Vieux a kòm atis solo.Carlo tou pwofite mete pwen sou i yo konsènan relasyon li ak Richard Cavé ak Michael Guirand, pandan l ap esplike kijan vizyon li pou lavni mizik ayisyen an ap evolye. Pa manke detay sou ekip k ap akonpanye l sou sèn ak sipriz k ap prepare pou vil tankou New York, Boston, ak Miami.
Dumano chantè Gwoup Klasik: Nouvo vizyon ak gwo pwojè pou 2030
2026/04/25
Nan emisyon jodi a, nou resevwa Dumano, chantè gwoup Klasik la, pou yon konvèsasyon san karyè li. Li pale nou de nouvo direksyon gwoup la ap pran depi Boston, vizyon li genyen pou ane 2030, ak detay sou gwo kolaborasyon li fè ak Fatima. Pa bliye abòne epi kite yon kòmantè pou di nou sa ou panse de nouvo pwojè Classique yo!
Podcast reviews
Read Carel in the Morning Podcast podcast reviews
Etnik Kinte 2020/06/08
Memories
It’s all about memories
nordeusj 2019/06/10
Carel bon bagay
Keep it up bro
Podcast sponsorship advertising
Start advertising on Carel in the Morning Podcast relevant audience podcasts
You may also like to advertise on these Podcasts

4.98601800
The Adam Mockler Show
MeidasTouch Network

4.746801066
Tom Bilyeu's Impact Theory
Impact Theory

4.723181975
Timeless Wisdom with Dennis Prager
Salem Podcast Network

4.913561975
Wholesaling Inc with Brent Daniels
Find distressed properties for pennies on the dollar and turn them for huge profits!

4.897061447
The Graham Allen Show
Graham Allen

4.920791189
Toni and Ryan
Toni Lodge and Ryan Jon

4.762632000
The Lawfare Podcast
The Lawfare Institute

4.917101565
DarrenDaily On-Demand
Darren Hardy LLC

4.97421819
Despertando
Dudas Media

4.922991190
Dropping Bombs
Brad Lea: CEO, Entrepreneur, and Host of The Bottom Line