
Advertise on podcast: Espace Marketing
This podcast has
33 episodes
Language
FrenchPublisher
Kims BeljeanExplicit
No
Date created
2020/11/09
Latest episode
2024/02/26
Average duration
35 min.
Release period
23 days
Description
Jounen jodi a entènèt rantre nan kè maketing lan e nan kèlkeswa domèn ou ye a ou dwe byen itilize l si w vle pozisyone w kòm premye chwa kliyan yo. Ou ta renmen konn kijan pou w itilize zouti maketing nimerik la pou w devlope yon mak ki fò pou biznis, pwojè oubyen menm pou tèt ou? Koute ESPACE MARKETING ! premye podkas ayisyen ki fokis sou maketing, kreyasyon mak ak biznis an liy. chak samdi nou pataje teknik, konsèy ak strateji k ap ede w nan domèn lan. Koute n sou tout platfòm yo e pa bliye rantre an kontak avèk nou... Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/espacemarketing/support
Unlock Espace Marketing podcast Email contact info,
Listeners & Audience details
Email contact information
Direct podcast contact details

Listeners
Audience numbers & engagement insights

Audience details
Podcast Insights

Podcast episodes
Check latest episodes from Espace Marketing podcast
Dekouvri istwa ak pakou Bèlide Magazine, depi 2018 jiska jodi a
2024/02/26
Oggi se yon jèn antreprenè k ap evolye nan domèn nimerik lan depi kèk lane. Aktivite l nan kesyon graphic design te ba l volonte kreye Bèlide Magazine, yon magazin an liy ki kouvri sektè kiltirèl la ak lòt.
Dèyè gwo travay Bèlide ap fè a, gen anpil sakrifis ak obstak
ki make ekip la. Oggi pataje istwa l ak pakou l soti depi nan kreyasyon magazin nan rive nan vizyon yo genyen pou avni yo.
Nou envite w tande epizòd la kounya !
---
Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/espacemarketing/support
Dekouvri metòd ak teknik k ap ede w reyisi nan domèn E-commerce la | Jean Hermy Beauciquot
2024/02/17
Mond nimerik la pote anpil chanjman nan lavi n pèsonèl ak pwofesyonèl nou. Li menm rive fè enpak sou fason nou fè biznis. Jounen jodi a, gras ak entènèt epi bon konpetans yo, ou pa bezwen anpil pou w fè komès pa egzanp. Ou ka ret lakay ou epi kreye yon biznis an liy kote w ap vann pwodui bay kliyan san w pa deplase.
Se sa yo rele E-COMMERCE la ! E se de sa n ap pale nan epizòd sa a.
Byenvini nan Espace Marketing, nan nimewo sa nou gen Jean Hermy Beauciquot kòm envite ki vin pataje konesans ak eksperyans li nan domèn lan yon fason pou ede w reyisi ladan l tou. Hermy se yon spesyalis ki atenn 6 chif pa ane gras ak brand li met sou pye.
Jodi a li vin devwale sekre sikse l, nou envite w tande l epi pataje epizòd sa !
---
Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/espacemarketing/support
Men kijan w ka konstwi yon Brand Identity ki solid e inik pou biznis ou
2024/02/10
Idantite mak yon antrepriz se tout valè, vizyèl ak mesaj ki met ansanm pou reprezante antrepriz sa. Se sa ki defini kijan piblik la pral wè e konprann mak ou an.
Li nesesè pou w byen konstwi epi jere idantite mak la paske menm jan l ap ede w grandi se konsa tou li ka fouye w nan twou lè l mal jere.
Nan epizòd sa, Blaise Defky (Husky Design) pataje anpil konsèy ak astis k ap ede w nan pwosesis sa.
Bon ekout !
---
Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/espacemarketing/support
Kreye yon prezans an liy pou biznis ou gras ak konsèy sa yo | Herby Charles
2024/02/03
• Ki etap kle yon moun dwe suiv pou l kreye yon prezans an liy ?
• Kijan l ka rive jwenn premye kliyan l sou entènèt la ?
• Èske yon biznis ki fenk ap lanse l an liy dwe kouri antre nan piblisite peyan ?
Se pwen sa yo ak plizyè lòt ankò Herby Charles te touche nan premye epizòd Espace Marketing pou 2024 lan, kote li pataje divès konsèy ak strateji maketing pou yon biznis ka grandi sou entènèt la.
Tande l kounya e pa ezite aplike konsèy li yo pou w jwenn bon rezilta ane sa a.
---
Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/espacemarketing/support
Kreye yon ajans dijital ak yon platfòm fòmasyon nan 4 lane | Storytime with Etzer-Louis Charles
2023/11/12
Etzer se yon jèn k ap evolye nan domèn maketing an liy lan depi kèk lane. Aprè kèk tan ap pran bon jan fòmasyon ak coaching, li menm ak yon patnè l te deside kreye Specian Digital, yon ajans k ap founi akonpayman bay antrepriz isit kou lòtbò dlo. An plis de sa yo rive mete sou pye Specian Success Academy, pou ofri fòmasyon an liy sou plizyè aspè.
Novanm 2023 sa ap fè Specian 3 lane depi li egziste. Etzer ap pataje pakou l ak eksperyans li nan #Storytime sa.
---
Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/espacemarketing/support
Diferan fason ou ka Fè lajan gras ak Canva
2023/09/10
Byenvini nan yon nouvo seyans kesyon - repons Espas Maketing.
Nan sesyon sa nou envite Etzer-Louis Charles ki pale de divès mwayen yon moun ka itilize Canva pou li fè lajan.
Etzer se CEO Specian Success Academy yon platfòm ki ofri kou an liy sou metye nimerik yo. Li pwofite pataje yon spesyal sou yon pwogram ki disponib pwogram pou aprann fè kòb ak Canva. Lè w fin tande seyans sa, kontakte n dirèk.
Si w pa ta renmen rate aktivite sa yo, rejwenn kominote nou an nan lyen sa : https://chat.whatsapp.com/E9LR48syrT1BFBXGRTzFV6
---
Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/espacemarketing/support
enpòtans kominikasyon nan karyè yon pwofesyonèl | Sarah M Zephyr
2023/09/02
Byenvini nan Espas Maketing.
Nan epizòd sa, nou fè yon bèl chita pale ak Sarah Marlange Zephyr sou enpòtans kominikasyon nan evolisyon ak karyè tout pwofesyonèl.
Sarah se yon spesyalis nan koze kominikasyon, li pataje anpil bèl konsèy ak teknik k ap ede w nan kèlkeswa domèn w ap evolye.
Pa bliye kòmante epi pataje epizòd la si w twouve li enteresan
---
Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/espacemarketing/support
Evolisyon rezo sosyal yo ak enpòtans yo nan maketing | Podcast Marketing Rezo Sosyal
2023/07/24
Byenvini nan #espasmaketing, pou nimewo sa nou chwazi pataje yon epizòd nan podkas Maketing rezo sosyal kote host nou @kimsbeljean ak Gaetan t ap diskite sou wòl rezo sosyal yo jwe nan maketing nimerik.
Men kèk nan pwen yo touche :
- kòman Digital Marketing te ye avan rezo sosyal yo ?
- Nan yon plan marketing nimerik pou biznis, ki wòl rezo sosyal yo jwe ke lòt medium yo paka jwe
- kòman Influencer Marketing ye Nan moman e ki avantaj li bay biznis
- Règ nou dwe toujou aplike lè n ap fè marketing an liy
- State social media jounen jodia, ak nouvo platfòm ki emèje yo ( Clubhouse, tiktok, Twitter spaces) e ki avantaj ou wè Nan chak.
---
Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/espacemarketing/support
Enpòtans rechèch ak analiz done nan maketing
2023/07/17
Kèlkeswa pwojè w ap antreprann, li enpòtan pou w rekeyi bon jan enfòmasyon k ap ede w kreye bon baz pou atenn objektif ou.
Se menm jan nan maketing, ou pa ka rive fè siksè sou mache w la si w pa gen done sou piblik ou sible a, tandans mache sa e menm konkirans lan.
Byenvini nan podkas Espas Maketing, nan epizòd sa mwen :
• Pale de enpòtans rechèch ak analiz done genyen nan maketing,
• Dekri kèk sous kote w ka rekeyi enfòmasyon w bezwen yo,
• Pataje 5 zouti pou ede w fè travay sa menm si w se yon debitan.
Si w se yon pwofesyonèl, biznisman, pèsonalite piblik, konsèy ki nan epizòd sa yo ap itil ou anpil.
Tande l kounya, e pa neglije pataje l.
---
Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/espacemarketing/support
Graphic design | Aprann eleman esansyèl nan yon idantite vizyèl
2023/07/08
Epizòd sa se yon prezantasyon Jamesky Thelusma te fè sou divès eleman ki konstitye yon idantite vizyèl.
Si w se graphic designer oubyen ou gen yon startup li enpòtan pou w konprann eleman sa yo, y ap ede w byen reprezante mak ou.
Bon ekout !
---
Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/espacemarketing/support
Content writing kòm metye : Dekouvri maji ekriti ka fè nan mond nimerik la.
2023/07/01
Byenvini nan yon lòt epizòd Espas Maketing.
Fwa sa nou avèk Janlik Creative, (Luc Dufresne) pou n eksplore metye content writing la epi konprann pouvwa ekriti genyen nan mond nimerik la.
Janlik pataje konpetans ki nesesè pou w reyisi nan domèn lan, li devwale teknik pou demake w epi pwodui yon travay kalite.
Nan epizòd sa w ap jwenn yon lis zouti k ap ede w ret pwodiktif epi kreye bon jan kontni ki ka angaje odyans ou yo.
Pou fini li ofri kèk konsèy pou yon jèn an Ayiti ki ta swete vin yon content writer.
Tande l kounya e pa ezite pataje l nan kominote w.
---
Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/espacemarketing/support
Graphic design | Amelyore travay ou epi demake w pou w ka byen vann konpetans ou
2023/06/24
Byenvini nan yon lòt nimewo Espas maketing !
Nan epizòd sa nou plonje nan inivè graphic design nan pou dekouvri pakou Ruth Pharissa J. JONCKA ak eksperyans li nan domèn nan.
Joncka pwofite pataje kèk teknik ak strateji li itilize pou amelyore travay li, demake l epi vann konpetans li pi byen chak jou.
Si w se yon graphic designer oubyen enterese ak domèn sa, w ap jwenn konsèy pratik sou tout sa w dwe fè lè w ap kòmanse, resous ou sipoze genyen e zouti ou dwe metrize.
Ke w deja etabli, ke w te yon debitan, nan epizòd sa w ap jwenn enspirasyon pou w byen pozisyone w sou mache ayisyen an.
Tande l kounya epi met kreyativite w nan yon lòt nivo.
---
Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/espacemarketing/support
Podcast reviews
Read Espace Marketing podcast reviews
Podcast sponsorship advertising
Start advertising on Espace Marketing relevant audience podcasts
You may also like to advertise on these Podcasts

4.9148604
Australian Birth Stories
Sophie Walker

4.41846341
Decoding TV
Decoding TV

4.939748
Mercy Culture
Mercy Culture

4.71067162
Baby, This is Keke Palmer
Wondery

4.7107281
Staying Relevant
Staying Relevant Productions

4.7157560
The Comedian's Comedian Podcast
Stuart Goldsmith

4.9209220
Dr. Andy Woods: Pastor's Point of View
Andy Woods

4.9478454
Rich Valdés This is America
ABC Recording Network™

4.7316683
Who's Right?
Doug and Anthony

4.7347644
Sips, Suds, & Smokes
One Tan Hand Productions